Accueil -> Littéraire ->Poésie

Si pawòl mwen pale

Dimanche 05 Septembre 2010 | Guano Frantz, acteur

Si pawòl mwen pale, se pa ni chen ni chat,
Ni lafimen dife bwa anba chodye bouyon
Lam ak lyann panyen

Sou twa woch dife kay malèrèz.
Se fout lakansyèl dyol alèlè, manje atè
Pou l pa di mèsi menm.
Si pawol mwen pale, se pa ni bwapiwo
Ni grennpwomennen
Se pa machatè ni fouyapòt
Se lakansyèl ki pa gen dimanch ak dyòl li,
Se li sèl ki te wè, le solèy mwen tap glise
Nan fant mòn ou yo
Anvan l al mouri ajenou devan pye w
Tankou kaporal chen pran kanson
San lone, san diyite.
Lorizon logèy mwen ranmase bout nat li
Tankou lè chen antyoupwèt
Ap kase bwa kel anba dèyè l.
Mwen santi m lèd, yon lèd sal, yon lèd bosal
Ti lanp fyète tenyen tankou tèt gridap
Ki pa gen gaz.
Si pawòl mwen pale, ke titonnè kraze m ansann
Se lakansyèl, lang vipè
Twòp pou dyòl, dan mande padon
Kou w fin fè l, chita sou li ;
Se li ki te wè le bonèt ou tap kase flèch palmis mwen
Si pawòl mwen pale,
Se ta malè si se pata ou menm.

Misterguann.

Source:bonzouti.com

Tags:Guano Frantz, lafimen, pawol

Top