Accueil -> Littéraire ->Jean Edouard

kanaval

Dimanche 21 Décembre 2008 | jean.edouard

kanaval sot nan tèt mwen
li soti nan fon kè mwen
li layite kò li nan lespri mwen
li chita, kwaze pye li sou tèt mwen
kanaval griyen bouch mwen
li ouvè dan-m, fè-m ri,
mete gete nan nanm mwen,
fè-m bliye pwoblèm,
fè-m bliye pwoblèm yon jou,

menm fè-m debarase-m ak touman 3 jou

kanaval tout koulè,
men dèfwa li gwo koulè
<>
non, madigra se moun ou te ye
paske timoun pisannit pa kache anba kabann ankò,
timoun ki pa vle manje se kòkòt mayòt madigra;
men sa pa anpeche ke madigra sot nan kè mwen
mwen fèt ak madigra, mwen leve ak madigra
mwen pè madigra,
mwen kouri pou lisifè, mwen kache pou zèl blan,
keli fè kè-m bat fò, men kayiman pa janm sispann foure pye li

madigra la paix a fèk pase nan rakèt,
jouke toujou w’ap kontre matyavèl sou bèlè,
monte pye simityè wap jwenn madigra dyab la, madigra ronald la
nan ri senchal yawe ap pran kout bwa,
jwiferan pa diferan, l’ap chwazi bèl timoun pou li apiye,
chaloska anpeche moun dodo
klòch la ap sonnen pandan lanjelis ap sonnen
se pral jouvanso ak envensib sou beton an
konplo ak polemik ap marinen, tire pye
divize nan kay, manman fache ak papa
frè fache ak sè paske yo fanatik
zanmi ap fawouche tizanmi, se pa nouvo
mwen se envensib, li se jouvanso
kan kanaval fini, 3 jou gra, tout moun rekonsilye

madigra fini, madigra kaba,
byennere sa ka wè li ankò (2x)

Tags:kanaval

Top