jusqu'à terre
Email l'article
Chapo ba
Pou peyi isit souple
Peyi isit kote
Manman pa konn pitit
Papa pa konn pitit
Pitit pa konn paran
Chapo ba
Pou yon peyi chen manje chen
Kote manman chen ap devore pitit li
Kote menmsi bèt la pa jennen li mòde
Kote tèt pa ka kole
Kole timoun ak fanm ak tigranmoun
Ka rive nan yon sèl trezaksyon
Chapo ba mezanmi
Vye frè-m ak sè-m
Kouri vini, vann ti moso tè, tout bèt nan bouk la
Panes se nan syèl peyi isit ye
Panes ke bondye ap frappe ak moun nan lari
Men lè manman ap bay pitit polis
Pitit ap bay manman polis
Kòmkidire se moun ki pat janm konnen youn lòt
Fredi, chalè, kouri a pye, solèy cho, nèj
Fòk ou rive nan travay
Chapo ba mezanmi, chapo ba
Mwen depose chapo-m atè a wi souple
Tags:poezi kreyol creolophone
Top
Actualites
Twitter
Facebook