Accueil -> Littéraire ->Jean Edouard

jodi a oubyen demen

Mardi 18 Septembre 2007 | jean.edouard

se yon poyezi
ki pike pase piman bouk
santi fò pase bouk kabrit
yon poyezi ki bouke mache
ki bouke kouri anba solèy cho

se yon poyezi
ki te konn teke mab anba kenèp
li te konn kouri sèk nan tout lari
se yon poyezi ki malveyan
yon poyezi ki pa gen kè
ki pa kapab gade moun nan je
yon poyezi tulututu
k’ap taye bande li sou plas piblik
li bay tout moun filing

se yon poyezi ki gen madichon
paske li konn joure granmoun
repete gwo bout betiz rasi
wa pa bòpè prezidan pa tonton li

poyezi
se yon poyezi ki tripotaty
fè landyèz sou tout moun
menm moun li pap janm konnen
li renmen zen
toutan l’ap voye pwen
voye pwen sou vwazinaj
al lave larivyè pa retounen
se yon poyezi ki san kouchya
ki te konn pale ak christophe colomb en 1451
men jounen jodi a l’ap pale ak bush
pèdi bous li vwayaje nan tan
se yon poyezi sèlman li ye
li pa t’ap janm lòt ke poyezi nan literati
si jodi a li pat egziste
demen li t’ap egziste kanmenm
oubyen li te egziste
se fòm batwèl figi li nou bliye
paske li se tout bagay...

Top