jan mwen pale
Email l'article
je sèch mezanmi
se pa je chèch non
pa eseye chavire-m sou do an fransè
fè-m li nan liv tèt anba
met echèl anba-m pou-w fè-m monte
pran plezi-w nan taye zèb anba pye-m
sa ki pi fò a se nèg anlè
se li ki gen dwa rele li ki pou reponn
zafè-m tounen jon anba dyòl imilyasyon
vanite ap wose kòlèt li sou mwen
batwèl figi li ou pa ta di se liks
pa gen pran kè ankò isiba
se poyezi k’ap taye banda-l sou plas piblik
bay tout jenn ti powèt filing anba jipon-l
ala demwazèl poyetik chofe wo!
tifi sila a jenn powèt ap fe yon bòt sou li kanmenm
paske se plezi l’ap simaye
ki bay chimen pou jenn powèt voye toya
san zòt pa konprann si se ak li yo ye
manzè poyezi oubyen demwazèl poyetik
mwen pa konnen paske mwen pa papa li
nan k-fou 4 nan rakèt la se la y’ap veye-w
veye zo-w, veye tèt ou, veye lòt la
pa bliye, wa va sonje jan-m te pale w...
Actualites
Twitter
Facebook