| Envoyer l'article |
Pawoli la sajès pou denmen miyô pou tout moun a la won’n badè
Dapre koken’n pawoli de frè nou mouche Josue Adonis sou zafè twa sou delege Sidès yo. Semen ki sôt pase, frè nou Josue Adonis nèg nan kè Jakmèl, te fè youn rale mennnen vini, voye gwo kout toya, piman bouk byen pike sou sitiratsyon politik nan Sidès-la. Mouche te simonte pou twa sou delege yo te nonmen e zanmi nou Jozue Adonis pat kase fèy kouvri sa nan koze sila-a, li te vomi fason panse-li dapre sa mwen te li sou bonzouti.com.
Mesye Jakmelyen parèy mwen yo, kritik nou yo youn ti jan tonbe daplon se vre. Se vre ke se devwa nou pou nou foure kalalou je nou nan tout sa ki gade nou an tan ke pitit peyi. Konsa, nou va anpeche la gè tou pizi nou ak tout pitit nou, konsa la pè kapab blayi nan vil nou e nan peyi nou, san bri san kont. Nan anpil repwôch nou yo, nou gen la rezon se vre; men, an nou fè jèfô pou sa pa ale twô lwen, an nou vide youn ti gout dlo nan diven nou pou nou pa sou, pèdi la rezon, pèdi tèt nou jouk nou tonbe nan zafè la vyolans. Konsa nou ta pèdi tout bon batay sila-a pou delivre peyi nou anba mizè san zatray sila-a. Konsa se ta lave men swiye a tè.
An nou fèt tout posib nou pou nou pa ajoute lôt gout dlo malfèktè ki ka chavire vaz chirepit la e lage nou nan mera, nan ing ang pwen’n fè pa, manman pitit mare ren. An nou pa di twôp, pa fè twôp pou denmen, lè nou pa kapab anpeche sa gate, youn’n ka kale kalalou je li nan kalalou je lôt la san kè kase, san zantray nou pa kôde, san ke la perèz pa fè nou kaka sou nou. Mo ki fè mal yo, an nou pa di yo pou youn pa fwase lôt jouk nan zo, pou youn pa blese lôt jouk nan nan’m. Se vre ke li pa fasil, men an nou fè sa nou kapab. An nou aksepte ke tout moun merite youn chans pou di youn mo tou, kapten’n zonbi se youn non’m tou, pou tout moun ofri tèt yo nan batay nap mennen pou la vi miyô pou tout moun, pou bon jan zanmitay ak tèt nou e ak tout lôt moun, jis kas ke nou va ran’n nou kont ke moun nou pa vle se reèlteman pa moun nou genyen yan. Anvan nou janbe barye, gade met kabrit la nan je anvan.
Fôk nou pa janmen blye ke se pat janmen moun gwo lespri ak moun sipèb gwo kolèt sèlman ki te fè bagay yo mache nan vil nou Jakmèl ak nan peyi nou Ayti Tonma. Se pa moun gwo lespri sèlman ki te ban nou lendependans nou. Se pa moun gwo lespri ki janmen pran lari e rankontre ak lan mô yo pa pakèt lô sa gate. Se te sitou moun sôt kou panyen pèsi, moun gwo zago, nèg bosal sou labitasyon, fan’m pye kanni. An nou pa bliye sa, an nou rekonèt sa. Tout moun pa fèt pou save, tout moun pa fèt pou gen lajan manman penba, konsa la vi pa ta posyb. Fôk gen moun ki ganyen, fôk gen moun ki pa ganyen, fôk gen moun gwo lespri fôk gen moun je pete klere, sèlman an nou anpeche ke pèson moun pa signen lèt kondanasyon li. Fôk gen fôs kote nan la vi, men nou ka anpeche kannôt la chavire. Nou tout a la won badè ap tonbe nan dlo, dlo fon-an, dlo sal-la, dlo move-a. Se vre sak konnnen naje va kapab sôti, men tout tout pa kon’n naje, e pi tou moun ap mouye depi nan pye jouk nan tèt, sa ki frajyl men’m va pran lemoni pa tan’n te, e konsa yo va fè vwèl po peyi san chapo san yo pa wè bon jou louvri, san yo pa asyste bon jan denmen miyô.
Tout moun fèt pou gen chans di mo payo nan lavansman peyi nou, nan lavansman Jakmèl, moun kap trimen nan la ri chak jou bondye mete pou voye pitit yo lekôl al ranmase la konesans, tan kou moun ki chita dèyè manman biwo-yo, tankou moun kap monte desan’n peron gouvèlman, moun po klè tankou moun po fonse, moun rich kou moun ki pa gen gwo mwayen, ak moun ki pôv tankou rat nan legliz. An nou genyen ti gout pawôli la sajès pout tout moun a la won’n badè, sa ki gen gwo lespri tankou sa ki pa gen gwo lespri, pit kou maro zannana kou pengwen. Pa gen moun ki sôt, moun pa jan’m sôt, se sa moun fè ki sôt. Pa gen moun ki bèt, moun pa jan’m bèt, se sa moun fè ki bèt. Gen moun bèl, gen moun lèd, sèlman en pe bèl andidan an pe bèl pa dèhô. Bondye fè sa li vle, Bondye kon’n sa li fè e se li sèl ki konnen pou ki sa li fè’l janli fè’l la. An nou pa keksyone Bondye nan zafè rejete frè nou ak sè nou an nou fè sa bondye mande nou pou frè nou ak sè nou, renmen yo tankou nou renmen tèt nou, renmen pitit yo tankou nou renmen pitit pa nou. Bondye pa tap gryien dan lo li te di parabôl si-la . Si nou pa ka fè anyen pou yo, an nou respeke dinyite yo, pit kou mawo, zannana kou pengwen a la won’n badè na va delivre.
Source:Bonzouti.com
Tags:josue adonis pawoli
Nombre de commentaire (0)
Connectez-vous pour commenter cette news! ou Inscrivez-vous!
Actualites
Twitter
Facebook