| Envoyer l'article |
Sud-est installation des vice-délégués : réaction des stations de radio diffusion Express et Hispagnola.
Le choix des trois nouveaux vice -délégués du sud-est engendre des réactions dans la presse jacmélienne. Les deux stations de radio les plus opposées dans leur opinion sur ce sujet sont Express Continental pour qui le choix de Jean Helson Royal comme vice delegué de l’arrondissement de Jacmel est un coup dur pour les gens compétents et dignes de l’arrondissement et la Radio Hispagnola qui de son coté applaudit ce choix.
Celle-ci estime que le poste de vice délégué est politique donc il est normal que l’Exécutif décide de nommer trois de ses plus zélés partisans et militants dans le département aux trois vice-délégations.
Dans son éditorial de ce jeudi 13 Juillet, la radio Express elle, s’adresse aux élus du sud-est qui selon elle serait à la base de ces nominations surtout celle de Jean Helson Royal. La radio Express rappelle aux élus le passé de ce citoyen.
La rédaction de Bonzouti.com partage avec vous surtout de la diaspora l’éditorial de la RTEC, à vous d’en juger.
Le texte de Josué Adonis.
Depi byen lontan an Ayiti gen yon politik kap fèt kote yo mete moun serye, onèt ak konpetan sou kote. Malgre pwomès Michel Martelly te fè pandan kanpay elektoral lan poul divòse ak ansyen sistèm nan nou wè se estabilize li vin estabilize’l, se rann li vin rann li plis konfotab.
Demen vandredi 13 Jiyè a se va enstalasyon vis delege yo nan sidès. Ekzekitif la nome pou awondisman Jakmèl Jean Helson Royal, Belle-Anse Emanord Deronette, pou awondisman Bainet Joseph Ponyon. Men kesyon pwoksimite ap fè nou mete plis aksan sou nominasyon pa awondisman Jakmèl la. Nap raple yon lòt fwa ankò nominasyon sa yo fèt sou baz militans pandan yo mete sou kote konpetans ak diyite. Moun sa yo rive jwenn pos sa paske yo te fe kanpay pou michel Martelly, nap presize siitou pandan dezyem tou eleksyon yo.
Jan nou te dil la nap mete sitou aksan plis sou nominasyon Jakmèl la. Li enpòtan pou nou raple mesye Jean Helson Royal te rantre nan vil lan, nan epòk deklen poubyen chit Aristid dezyèm vesyon an, nan lane 2003, se ansyen senatè Immacula Jeannis Bazile kite vini nan site a avèk li, a lepòk yo te bay misye yon ti non dyab an dèy e tou swit apre nou ta pwal wè manifestasyon dyab sa ta pwal fè nan vil la. Misyon ni sete fè dezòd ak kraze tout manifestasyon oppozisyon an tap fè, se sak fè antre li te antre nan vil Jakmèl li te entegre le fameux groupe Kako. Tout moun sonje sa kako te fè.
Li pa yon sekrè pou pèson VD sa ki pwal enstalle a te tire anpil kout zam sou kay madan Jera Francois yon nan majistra aktyèl vil Jakmèl. Rezon an se pou li te kapab entimide pitit gason li Jean Baptiste Francois ki tap travay kòm jounalis nan radyo Vision 2000.
Men mesye sa yo Kako te tire anpil kout zam lakay Kinsley Sabbat tout moun kounnen sou non Kissou ki abite Ri Alcius Charmant pou tèt jen gason saa pat danse kole ak rejim lavalas la. Vwala se sòt dirijan sa yo palmantè nou yo nan rejyon an ap ban nou. Eske nou kapab fyè lè se mòd moun sa yo kap dirije nou ?. Mesye senatè yo nan sidès depite nan zòn nan kap fè seri nominasyon sa yo, oubyen ki a labaz nominasyon sa yo m ta renmen di nou se anfonse nap anfonse rejyon an pi plis nan twou chak jou , men pran gad pou ke twou sa yo nap fouye jounen jodia pa antere nou demen.
Josué Adonis
Radio Télé Express Continental
Source:Bonzouti.com
Tags:vice delegue sud-est installation
Nombre de commentaire (0)
Connectez-vous pour commenter cette news! ou Inscrivez-vous!
Actualites
Twitter
Facebook