| Envoyer l'article |
Lansman Kooperativ lojman nan Jakmèl…
Koperativ lojman nan sidès se yon enstitisyon finansye ki vize konstwi yon kay pou chak fanmi viktim nan tranbleman tè 12 Janvye 2010 la.
Koperativ lojman sidès fè lansman ofisyèl li jounen lendi 4 desanm 2011 lan nan sine konkòd sekretè jeneral kooperativ lojman sidès la Mr Joël Jean Baptiste mande ak tout fanmi nan depatman sidès pou pote kole pou rèv sa a kapab tounen reyalite.
Pendan lansman ofisyèl koperativ lojman sekretè jeneral la Joël Jean Baptiste kritike CIRH ki di li deja depanse 4.5 milya dola nan kad rekonstriksyon peyi a sependan victim 12 Janvye yo toujou rete anba tant. Sou bò pali prezidan komite siveyans koperativ M Jacques Jean Pierre mande pou tout moun kole zepòl pou pemèt moun ki pi pòv yo benefisye yon kote pou yo rete . tout fwa Jacques Jean Pierre voye yon pinga bay politisyen jakmèl yo pou yo pa travay pou detewi projè sa a.
Source:bonzouti.com
Tags:
Nombre de commentaire (0)
Connectez-vous pour commenter cette news! ou Inscrivez-vous!
Actualites
Twitter
Facebook